Shirley gen apèn 3 mwa li ouvri yon ti estidyo nan yon riyèl sou Delma a. Pa granchoz non. 2 plas pou lave cheve, 2 sechwa, yon tab maniki ak pediki, yon ti resepsyon avèk kèk chèz. Se sa ti monnen tonton l te voye ba li a te pèmèt li achte. Dayè misye te tou fè l konprann pou l pa anmède l ankò. Se degaje l envesti, transfè fini.
Lè Shirley te anonse pwojè li, li te jwenn tout kalite kritik, pafwa menm kontradiktwa. Yo te di l zòn lan pa favorab pou moun fè estidyo, pa gen kliyantèl. Pandan yo te di l tou zòn la deja gen twòp estidyo, pa l la p ap mache. Yo te avèti l li p ap fasil jwenn moun pou travay ak li. Li pa t ap gen mwayen pou l peye sa k pi kalifye yo lè l ap kòmanse. Epi te gen pwoblèm pwomosyon an. Estidyo se yon bagay ki difisil pou demare paske se youn di lòt ki mennen moun.
Antouka Sherley pa t kite sa dekouraje l. Li te mare senti l epi l te deside avanse. Efektivman premye semèn yo te difisil anpil. Pafwa yon jounen pase san l pa jwenn 2 grenn kliyan. Men piti piti, sa chanje. Se rete li rete li wè aprè 2 mwa biznis la anvayi. Li menm oblije ap aksepte kliyan sou randevou.
Vwazinaj yo sezi. Yo pa konprann sa k ap pase a e natirélman yo kòmanse pale. Yo di koze a pa nòmal, gen diplis. Byen petèt se wanga paske pa gen aza. Yo menm oze mande Shirley kay ki ougan li te ale.
Yon jou mwen te akonpaye yon ti zanmi m nan estidyo a epi m tande pawòl la k ap pale. M rele Shirley soukote. Li souri epi li di m kite yo radote. Mwen di l mwen ta renmen konprann. Se lè a li eksplike m. Li ofri bon kafe gratis, gen sirèt ak bonbon pou timoun yo ki vini ak manman yo, tanzantan li reziyen l sakrifye yon grenn byè pou yon mari ki akonpaye madanm li, gen plizyè chajè telefòn disponib. Se pandan l ap pale a mwen reyalize, sekrè a se pa maji, se bon sèvis!
Les articles de Richard Sénécal publiés sur ce blog sont protégés par le droit d'auteur. Veuillez nous contacter avant toute utilisation ou reproduction partielle ou totale.
