Aller au contenu

Société

Salon majik

Salon majik

Shirley gen apèn 3 mwa li ouvri yon ti estidyo nan yon riyèl sou Delma a. Pa granchoz non. 2 plas pou lave cheve, 2 sechwa, yon tab maniki ak pediki, yon ti resepsyon avèk kèk chèz. Se sa ti monnen tonton l te voye ba li a te pèmèt li achte. Dayè misye te tou fè l konprann pou l pa anmède l ankò. Se degaje l envesti, transfè fini.

Lire la suite »Salon majik
Ouvriye vann zouti l, men li pa vann metye l

Ouvriye vann zouti l, men li pa vann metye l

Nan vire adwat agòch ak zanmi, mwen te rankontre yon ti jèn. Se te nan yon aktivite kraze bweson, bay blag, manje zèl poul. Nou vin senpatize. Ti dam ki te prezante m li a rale m sou kote pou l eksplike m se te yon jenòm ki te pase anpil pwoblèm. Lè li te gen 14 zan konsa, move frekantasyon te detounen l e te fè l antre nan gang. Se te epòk Operasyon Bagdad, sa vle di li te tranpe nan anpil gwo koze.

Lire la suite »Ouvriye vann zouti l, men li pa vann metye l
Bòlèt se lavi

Bòlèt se lavi

Paran m yo te separe e mwen t ap viv ak manman m. Ase souvan nan wikenn yo, mwen te konn al pase jounen dimanch la kote papa m ki te abite kay yon sè l, matant mwen. Te gen plizyè lòt moun nan kay la. Pami yo, yon granmoun, yon pèsonaj.

Lire la suite »Bòlèt se lavi
Enpòtans ti detay

Enpòtans ti detay

Pafwa lè mwen konn atire atansyon nou sou kèk pwoblèm, m gen enpresyon anpil nan nou konn pa wè enpòtans yo. Pa ekzanp, si m pale nou de moun k ap jete sachè dlo yo fin bwè yo nan lari a, sa pa sanble granchoz. Oswa si m pale nou de malbourik ki gen foli kòtèj yo, de chofè moto oswa ti machann k ap fè dezòd yo.

Lire la suite »Enpòtans ti detay
Ti Maurice

Ti Maurice

Mwen fè tout etid primè mwen kay frè Petyonvil yo sou plas Sen Pyè. Paran m yo te separe depi lè m gen 7 an. Mwen t ap viv ak manman m anba lavil. Papa m menm te rete kay grann mwen nan Ri Gregwa, pa twò lwen lekòl mwen an.

Lire la suite »Ti Maurice
Jigason

Jigason

Steve ak Tony grandi nan menm katye, Solino, nan kwazman Senmaten, Fò Nasyonal, Nazon ak Delma. Yo te frekante menm lekòl la nan Delma 2, tou pre pòtay Sen Jozèf. Yo se pitit fanmi k ap trimen. Papa Tony te yon chofè kamyon e l te gen plis pase 10 zan depi l ap fè livrezon pou brasri Lakouwòn. Papa Steve menm se te yon bòs tayè. Manman tou 2 t ap degaje yo nan ti komès. Depi se yon bagay ki ka vann ak diyite, yo te vann li. Ti mesye yo te bon zanmi, tankou frè.

Lire la suite »Jigason