Aller au contenu

Bòlèt se lavi

Bòlèt se lavi

Paran m yo te separe e mwen t ap viv ak manman m. Ase souvan nan wikenn yo, mwen te konn al pase jounen dimanch la kote papa m ki te abite kay yon sè l, matant mwen. Te gen plizyè lòt moun nan kay la. Pami yo, yon granmoun, yon pèsonaj.

Se te yon mesye ki te konplètman chòv men fizikman li te byen konsève pou laj li. Li te bay aparans yon moun ki te kenbe kò l nan jenès li. Mwen pa konn ekzakteman ki relasyon li te gen ak fanmi an. Sèlman li te okipe chanb pa l e li te manje sou menm tab ak tout moun.

Li pa t ap travay ni mennen okenn aktivite ki te rapòte lajan. Men m gen enpresyon se yon moun ki te viv yon vi byen ranpli. Li te gen kilti ak edikasyon. Li te konn ap rakonte anpil istwa. Sanble li te maren, oswa yon bagay konsa. Antouka li te vwayaje anpil, vizite plizyè kote sou latè a. Kisa ki te kòz alafen li te abouti kay matant mwen? M pa konnen. Sa rete yon mistè.

Te gen yon lòt bagay ki te konn siprann mwen. Mesye a te jwe bòlèt prèske chak jou… e li te genyen prèske chak fwa. Men li pa t janm jwe gwo. Alepòk pou 50 kòb, yon goud, de goud maksimòm. Sa te vrèman entrige m.

Yon lè mwen mande l kijan li òganize l pou l genyen prèske tout tan, èske se rèv li fè. Li di m non, li jis jwe sa ki pase nan tèt li. Mwen di l men poukisa li pa jwe pou plis kòb. Li souri epi li eksplike m. Li di m li pa gen moun k ap ba l lajan, dayè li pa renmen anmède moun. Bondye wè li pa genyen, kidonk se bòlèt la ki pèmèt li achte ti sigarèt li ak ti sa li bezwen chak jou. Li presize si l ta jwe pou plis kòb, se t ap avidite ak anbisyon, e li t ap pèdi. Pawòl la te fè m reflechi.

Sa kontinye pandan plizyè ane. Li vin pi granmoun. Yon maten, li desann sot Petyonvil al Kafoufèy pou l al wè yon fanmi l. Lè l ap retounen, pandan l ap fè yon ti mache pou l al pran yon transpò piblik, moun k ap pase yo wè l chita arebò kanivo a. Li tou mouri la, san l pa t janm kouche malad. Menm nan lanmò, li pa anmède pèsonn.

Les articles de Richard Sénécal publiés sur ce blog sont protégés par le droit d'auteur. Veuillez nous contacter avant toute utilisation ou reproduction partielle ou totale.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *