Aller au contenu

Koudeta nan TNH

Koudeta nan TNH

Yon epòk, lontan sa, Mesye Jean Guéry te yon fotograf selèb. Jèn ti gason, se te petèt premye fotograf « ofisyèl » peyi a te janm genyen. Sou Estimé ak Magloire, li te kouvri tout seremoni nasyonal, tout deplasman otorite yo. Se te yon veritab fotograf palè.

Mwen vin rankontre l nan Televizyon Nasyonal nan fen ane 80 yo. Li te deja gen yon bon laj. Mwen te konn kwaze li pratikman chak jou nan koulwa estasyon an, gwo vant li devan, yon kamera foto Nikon nan kou l, souvan akonpaye ak bon zanmi li Maxime Dufanal.

Se te epòk gouvènman ak koudeta militè. Enstabilite sa te gen gwo konsekans sou fonksyònman televizyon an tou. Direktè yo te chanje rapid menm jan ak gouvènman yo. Chak ki vini te vini ak moun pa yo. Teknisyen konpetan yo te relege nan dezyèm plan, lè yo pa t revoke yo tou senpleman.

Jean Guéry te viktim sitiyasyon sila. Li pa t anplwaye nan televizyon an kòm fotograf. Li te gen nan bilan li yon bèl karyè reyalizatè. Malerezman, nan moman twoub sila yo, se yon grenn emisyon li te responsab. Li te gen sou kont li lamès ki te konn pase sou televizyon an chak dimanch maten.

Emisyon sa pa t an dirèk. Yo te anrejistre li chak samdi aprèmidi nan legliz Sakrekè. Anrejistreman an te fèt ak plizyè kamera men malgre sa, Jean te bay tèt li pou devwa, chak samdi swa, pou l pase yon ti tan nan sal montaj pou l fè kèk ti netwayaj epi pou l ajiste pwogram lan nan longè li te dwe pase a. Se te yon epòk konsyans pwofesyonèl e m te konn bay 2 blag ak misye paske, nan menm moman an, souvan mwen t ap fini montaj emisyon kiltirèl Fashion ki t ap difize menm jou an.

Yon samdi, Jean Guéry te poukont li nan sal montaj la. Mès la te fini pita e, pou divès rezon, ajisteman yo te pi konplike. Mwen te ale lakay mwen depi lontan e, apa ajan sekirite yo, bilding la te pratikman vid. Pandan mesye Guéry ap konsantre li sou travay li, li sezi tande yon bri dèyè do l. Lè li vire, li wè yon eskwad ti sòlda ak inifòm sou yo epi gwo zam. Yo brake malere a.

Fòk mwen di nou nan epòk sila, TNH la se te yon pasaj enkontounab pou tout koudeta. Yon nonm pa t ka di li prezidan si l pa t fè yon pwoklamasyon ak kamera sou li nan palè nasyonal.

Mesye Guéry leve 2 men l anlè. Responsab peloton an di l yo bezwen yon ekip imedyatman pou y al filme nouvo prezidan an. Guéry tante eksplike yo se pa li ki direktè e pa gen anpil anplwaye ki prezan a lè sa. Solda yo replike ajan sekirite yo di se li menm Guéry ki pi gwo chèf ki nan estasyon an nan moman an. Teknikman, se pa t manti.

« Mwen menm? Travay mwen isit la se pran monpè a ki sou ekran agòch la epi fè l pase sou ekran adwat la », se sa Guéry reponn yo pandan l ap montre yo monitè yo.

Mwen pa fin sonje kijan istwa a te fini. Mwen kwè youn nan vye rat ki te toujou konnen lè gen koudeta yo te vin parèt epi li te òganize tout bagay. Paske te gen sa nan TNH la tou, anplwaye ki toujou devan, ou ta di CIA. Depi gen chalè, se yo ki la. Sa mwen sèten, se te dènye fwa Guéry rete ta pou mès la.

Les articles de Richard Sénécal publiés sur ce blog sont protégés par le droit d'auteur. Veuillez nous contacter avant toute utilisation ou reproduction partielle ou totale.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *