Aller au contenu

Lanmou pa sifi

Lanmou pa sifi

Magerit se te yon ti fi « zuzu » anpil. Poutan li pa t soti nan yon fanmi ki gen kòb, men paran l yo te envesti nan li. Yo te fè gwo sakrifis pou yo ba l yon bon edikasyon. Yo te voye l lekòl kay mè paske, kèlkeswa jan ou vire l, yo te panse se la timoun la ap jwenn yon nivo fòmasyon ki rann li pi konpetitif nan lavi a. Lè li fini, yo peye inivèsite Nòtredam pou li, ak espwa yo kapab fè l pati aprè.

Se nan epòk sa li rankontre ak Gabriel, majorite moun plis konnen sou non Ti Gabo. Se te yon flannè, yon bèl flannè men yon flannè kanmèm. Li te prèske menm laj ak Magerit, li te fini lekòl men depi lè a, li t ap grate santi. Mwen p ap di se te fòt li. Li pa t janm gen papa, e manman li te plis mobilize nan okipe nonm li yo pase pitit. Si se pa t grann li ak lòt fanmi, Ti Gabo te ka nan lari. Men li te manke fè efò tou. Li te plis mize sou bote l ak rezo sosyal yo, kòmsi 2 bagay sa yo te etènèl.

Lè li kwaze ak Magerit, yo fè spak. Magerit tonbe pou bèl gason an malgre fanmi li met 2 men nan tèt. Ti Gabo li menm wè yon posibilite asansyon sosyal epi, fòk nou di l tou, yon ti bras tanzantan.

Premye mwa yo byen pase. Se te yon moman dekouvèt ki te apiye sou anpil sèks. Men aprè kèk semèn, Magerit ki te gen tèt li sou 2 zepòl li kòmanse ap reflechi. Kote sa prale? Ki avni? Paske, malgre tout efò ak tout ankourajman li, Ti Gabo pa t sanble deside pou l bay lavi l yon direksyon. Tout kou li al enskri tounen enpas. Tout travay li jwenn pa janm nan gou l. Sèl sa ki vrèman motive l se jwe domino, gade match foutbòl, bwè byè ak patnè sou katye l, dezevre menm jan ak li.

Gen yon lè ki rive Magerit reyalize li te gen tan gen yon pitit sou kont li san li pa t janm ni gwòs, ni akouche. Li vin konprann se yon boulèt li mare nan pye l ki kapab anpeche li avanse. Malgre li konnen li pral regrèt moman entim yo, chalè kò a, li deside mete kò pa l deyò.

Nan moman m ap pale a, Magerit ap kontinye ak lavi l, li fin fè metriz, l ap travay pou doktora. Ti Gabo sou katye a toujou ap bwè tafya. Tanzantan l ap plenyen jan fanm trèt pandan li pa janm wè se li ki bèt. Li pa tire okenn leson paske li pa menm konprann sa ki pase a. Li sou rezo yo toujou, ap vann bote li, nan espwa atire yon lòt Magerit.

Les articles de Richard Sénécal publiés sur ce blog sont protégés par le droit d'auteur. Veuillez nous contacter avant toute utilisation ou reproduction partielle ou totale.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *