Aller au contenu

Dènye kout balèn Mesye Albert

Mesye Albert

Mesye Albert te rete anfas lakay mwen. Se te yon granmoun 70 lane depase. Se pa t nenpòt ki moun. Mesye Albert te orijinè Tigwav. Fanmi l te gen anpil enfliyans nan vil sila. Li te tabli nan kapital la depi lontan e li pa t yon enkoni nan site a. Li te gen gwo relasyon e li te konn resevwa politisyen, entèlektyèl, notab. Chak wikenn gwo machin te fè 2 ran devan pòt li.

Mesye Albert te fin fè vi l. Li te retrete nan Leta e li te envesti nan kèk biznis. Li te marye epi divòse plizyè fwa e li te gen divès gran pitit. Li te fè kèk ane ap viv poukont li men, sa pa t gen twò lontan, li te gen yon sèl chalè ki monte l. Li te kwaze ak Nani, yon jenn fanm nan ventèn li, byen gra, byen plen. Yo di rankont la te fèt sou Chanmas, pandan 3 jou kanaval. Sa ki sèten fi a t ap chèche yon debouche, mesye Albert li menm te vle pwouve balèn gason li ka kanpe toujou. Se te byen jwenn, byen kontre.

Yo pa t pran tan pou yo plase ansanm e, avan lontan, yon timoun mete pye. Lè pitit la fèt se te yon tifi, yon bèl ti pitit ki kòmanse grandi byen vit. Lè li kòmanse mache, fòk nou ta wè mesye Albert, bout chòt ak chemizèt li sou li, sapat li nan pye l, men gwosè pil vant li, k ap pwomennen bebe nan tout katye a, tankou Sensakreman.

Epi Tijan li menm, yon jenn ti mekanisyen nan zòn la, apèn 18 an, byen djanm, byen kanpe, k ap gade ti pitit la k ap pase. Yon timoun ki pa p janm gen dwa rele l papa.

Les articles de Richard Sénécal publiés sur ce blog sont protégés par le droit d'auteur. Veuillez nous contacter avant toute utilisation ou reproduction partielle ou totale.

Partagez:

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *