Aller au contenu

Ouvriye vann zouti l, men li pa vann metye l

Ouvriye vann zouti l, men li pa vann metye l

Nan vire adwat agòch ak zanmi, mwen te rankontre yon ti jèn. Se te nan yon aktivite kraze bweson, bay blag, manje zèl poul. Nou vin senpatize. Ti dam ki te prezante m li a rale m sou kote pou l eksplike m se te yon jenòm ki te pase anpil pwoblèm. Lè li te gen 14 zan konsa, move frekantasyon te detounen l e te fè l antre nan gang. Se te epòk Operasyon Bagdad, sa vle di li te tranpe nan anpil gwo koze.

Mwen pa t gade sou sa. Te gen yon bon 8 an ki te pase e jan li t ap pale ak mwen an li te sanble yon moun ki bonjan chanje. Nou kontinye rankontre tanzantan. Li pataje ak mwen anpil bon lide e, san manti, mwen te kòmanse apresye l. Pou mwen se te yon prèv lèzòm kapab transfòme.

Yon samdi aprèmidi nou ale ansanb kay yon lòt zanmi ki te abite ak grann li anndan BPC. Yo pa t gen gwo mwayen men yo te gen anpil ospitalite. Madanm lan voye pran byè byen glase epi gwo wonn blag mete pye. Nou pase yon bèl sware.

Apèn mwen rantre lakay mwen, kanmarad ki te resevwa nou an rele m. Li di m granmoun lan pa wè telefòn li. Ki telefòn nou konnen souple? Yon ti Nokia tèt kana yon pitit gason l te ba li pou l kenbe kontak ak li. Mwen sonje m te wè telefòn lan sou tab kote nou te ye a. Mwen imedyatman sispèk ki moun ki pran l.

Aprè anpil pale anpil, diskisyon, negasyon, li fini pa admèt. Li di li pran l konsa, pa abitid. Lè nou mande l pou l remèt li, li di li vann li deja, sandout pa abitid tou. Malerezman, sa li pa t konnen, pitit ki te bay granmoun lan telefòn la se te yon polisye. Lè li tande koze a, li fache. Se pa t vrèman pou telefòn la, se te plis pou prensip. Konbyen yon ti Nokia te vann epòk sa? Yon 300 goud konsa. Li di l ap fè arete tinèg la pou lòd, pou mank dega. Ou pa al vòlè lakay chèf!

Lè mwen aprann sa, mwen reflechi. Rantre nan prizon Ayiti byen fasil, sòti prèske enposib. Misye te apèn gen 22 zan. Sa te ka gate tout rès vi l. Li fè sèman se te yon moman foli, sa p ap rive ankò. Mwen finalman deside bay kòb la pou l achte yon lòt telefòn pou l remèt madanm la. Manmi an ki te gen bon kè, tou pale nan tèt pitit gason l la pou l kite dosye a tonbe. Pawòl la tou fini la.

Kèk mwa aprè, rezidans sitwayen an tonbe. Papa l te aplike pou li depi lontan. Li mete kò l deyò. L al nan peyi blan. Èske nou konnen li pa menm tann 3 mwa pase l al brake yon sipèmakèt? Yo mare l la pou la. Gen moun ou mèt ba yo 70 chans, yo p ap chanje malerezman.

Les articles de Richard Sénécal publiés sur ce blog sont protégés par le droit d'auteur. Veuillez nous contacter avant toute utilisation ou reproduction partielle ou totale.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *