Aller au contenu

Dry cleaning

Dry cleaning

Madan Yamile se yon bèl grimèl ki soti nan sa yo rele yon bon fanmi. Manman l se yon gwo katolik ki pa janm rate fèt patwonal legliz Sen Pyè. Se premye fidèl ki toujou rive devan lotèl la lè Monpè rale losti a. Papa l te fèt ak yon ti kòb men malerezman li boule tout eritaj la nan tafya ak kazino. Yamile podyab, pa souse yon mant. Men malgre sa li degaje l. Li te louvri yon ti boutik prètapòte men komès pèpè pete fyèl li. Aprèsa li tante chans li nan yon ti estidyo kwafi. Malerezman tout kwafèz dominikèn li yo mete kò yo deyò lè latwoublay politik kòmanse chavire bagay yo tout bon vre. An rezime, li tante fè plizyè ti biznis ki te ka mache nan yon peyi k ap mache.

Sa gen 10 zan li rankontre ak Wobè, yon milat pòv menm jan ak li. 2 mèg pa fri yo di. Aprè kèk ti neglijans, ansent mete pye e se rete yo rete yo wè yo marye. Yo manje yon ti mizè « zuzu » men malgre sa yo resi kenbe. Mesye Wobè te konn jwenn tirès kontra nan men ansyen kondisip lekòl li. Movèz lang rakonte se solidarite koulè. Antouka, se pa t anyen ki ka fè yo rich. Se yon ti degaje ki te anpeche yo fin bouda kreve.

Moun Petyonvil te kòmanse bliye yo. Te gen twòp zen nan vil la pou yo ta chita ap okipe moun wouj malerèz. Men yon sèl kou yo rete yo wè gwo kay ap bati, gwo magazen, ponp gazolin, gwo boutik. Se pa retay non! Lapopilas sezi! Èske se pwen? Èske se wanga? Èske son ja yo detere? Nan yon lòt peyi sekrè a te ka pa janm vante, men pa bò isit pa gen pawòl ki sere. Nan mache chèche, sitwayen yo aprann madan Yamile gen yon dilè soukote. Dilè ap depanse, Yamile ap bati pandan l ap blanchi. Grann mwen ta di tout moun jwenn.

E mesye Wobè menm? Enben mesye Wobè fè kòmsi l pa wè. Li tounen pansyonè. Li tou pwofite fè ti masisi l pa dèyè. M vin tande zen an pandan m t ap bwè nan yon bèl tas kafe m te achte kay madan Yamile. M di ay fout bay moun yo lapè tande!

Les articles de Richard Sénécal publiés sur ce blog sont protégés par le droit d'auteur. Veuillez nous contacter avant toute utilisation ou reproduction partielle ou totale.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *