M te konn yon ti nèg, zanmi l yo te fini pa rele l Ti Giyon. Paske nenpòt sa ou foure l ladan, nenpòt manje ou mete l, li gate l. Li kraze pwojè vwayaj, pwojè rezidans, li fè moun pèdi machin, pèdi kay. Li responsab divòs ak anpil koupe zanmitay. Yo di w depi Ti Giyon la, veye bous ou, veye chans ou, paske devenn ou pa janm twò lwen.
Mwen menm ki pa twò fon nan mistik, koze a fè m reflechi. M pa vle kwè se move je oswa move beny. Zafè a merite konprann, m deside fè kèk vire ak Ti Giyon. Nou soti ansanb, nou ale nan pwogram, restoran. Mwen menm ba l ti dyòb tanzantan.
M sispèk nou anvi konnen kisa mwen aprann. Verite a, Ti Giyon pa vole wo, li pa vole lwen. Anbisyon li anpil men refleksyon li plat e mwayen li pi plat toujou. Ti Giyon gen yon fòm men li pa gen sibstans. Se yon moun ki panse tout bagay ka regle ak wanga. M ap di nou sa, depi nou frekante yon moun ki ranpe ba, enben lavi nou ap tou desann pi ba.
Les articles de Richard Sénécal publiés sur ce blog sont protégés par le droit d'auteur. Veuillez nous contacter avant toute utilisation ou reproduction partielle ou totale.
