Aller au contenu

Le devant de Zaza

Zaza

Manman m se moun Jeremi. Li soti nan yon fanmi notab e non granpè m ak gran-granpè m batize youn nan mòn ki pi selèb nan vil la, mòn Kanova. Granpè m se te yon gason Ayisyen tipik nan epòk la. Sa vle di li te matchis, souvan iresponsab. Li t ap travay pou yon konpani maritim. Rès fanmi an te ekzile l lwen kay familyal la nan yon katye yon jan andeyò ki pote non Lasous, paske li t ap mache simaye pitit nan tout rakwen. Misye te renmen bwè ti gwòg li anpil. Chak wikenn, lè l fin travay, li te pran randevou ak yon ekip zanmi l, vakabon parèy li, kay yon dam ki rele Zaza.

Zaza se te yon selebrite nan bouk la. Jodi a nou ta rele l limena. Espesyalite Zaza se te resevwa gason epi mete yo alèz. Lakay Zaza te gen manje ak bwason agogo. Lajan w sèlman ki pou rete w. Si w ensiste, ou te ka jwenn lòt sèvis tou.

Medam debyen yo, tulututu chapo pwenti, sila ki konn al legliz chak dimanch yo, pa t neglije twaze Zaza lè yo kwaze ak li. Men sa pa t fè Zaza ni cho ni frèt. Li te kontinye lavi l ak kè kontan.

Yon samdi aprèmidi, lè granpè m fin travay, li debake kay Zaza. Lè l rive li remake gwo aktivite devan pòt la. Bòs mason, bòs pent, bòs chapant. Zaza t ap fè gran renovasyon men malerezman konstriksyon an te pran reta e li pa t gen tan fini avan fen semèn la. Granpè m manke ale men Zaza te prezan sou bout galri a e li fè l pase nan yon ti wout kòridò. Lòt mesye yo potko rive. Zaza te bezwen al prepare manje pou sèvis la. Li mande granpè m pou li ekri yon pankat, kwoke li devan an, pou l endike mesye yo pase soukote. M bliye di nou Zaza pa t konn li, tankou majorite fanm klas popilè nan tan sa.

Granpè m ki te yon gwo fawouchè rale yon bèl moso katon, li pran penso ak penti e li ekri an gran lèt: « Messieurs, le devant de Zaza étant en réparation, passez par derrière! ».

Les articles de Richard Sénécal publiés sur ce blog sont protégés par le droit d'auteur. Veuillez nous contacter avant toute utilisation ou reproduction partielle ou totale.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *