Aller au contenu

Viktim rezidans

Viktim rezidans

Mwen grandi nan zòn Riyèl Kretyen, pa twò lwen legliz Sentantwàn, nan yon ti ri tou kout ki pa t manke anpil pou l te yon enpas. Se pa yon kote machin pase trè souvan, amwens l ap vin wè yon moun nan katye a. Nan epòk sa, ti jèn yo te konn itilize espas lari devan lakay la pou yo jwe foutbòl, sa ki pafwa te konn mete yo nan konfli ak granparan m yo ki pa t apresye lè boul la vin kraze bèl ti plant yo t ap pran swen devan pòt la.

Pami ti jèn sa yo gen youn ki te bonjan pi gran pase m. Li te deja konn met pantalon long alòs mwen te toujou ap sikile ak bout chòt. M pa ka di nou te zanmi, men nou te konn pale tanzantan. Fanmi l yo te fè efò voye l lekòl e li ka te manke yon 2 zan konsa pou l fini. Sibitman, se rete mwen rete mwen wè, bridsoukou, li pa al lekòl ankò. Lè mwen mande l poukisa, li eksplike m sa p ap itil li anyen paske papa l ki lòtbò aplike rezidans pou li e papye l yo prèske tonbe.

Malgre mwen te timoun pase l, mwen eseye konseye l pou l pa lage lekòl la konsa, men non sèlman li pa okipe m, li menm rive gade m tankou yon moun fou. Se te kòmsi se pi gwo absidite mwen te di l. Nan tèt pa li, li te gen tan wè l sou Time Square ap defile.

Mwen grandi, sikonstans lavi fè mwen kite katye a. Li menm, mwen pa konn poukisa, li pa janm deplase, li pa fè wonn pòt. Sa pa gen twò lontan, m kwaze ak li. Li san cheve, li san dan. M ka twonpe m men m pa kwè li janm regle anyen ki serye ak lavi l. Petèt l ap reve rezidans la toujou.

Les articles de Richard Sénécal publiés sur ce blog sont protégés par le droit d'auteur. Veuillez nous contacter avant toute utilisation ou reproduction partielle ou totale.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *