Mwen konn pale nou deja de granpè m (papa manman m) ki te abite Jeremi. Nou sonje mwen te di nou li soti nan yon fanmi notab ki te ekzile l nan yon ti zòn ki rele Lasous paske li te konn fè twòp vagabondaj nan vil la. Yon jou swa misye t ap soti nan yon aktivite bweson pou li rantre lakay li. Li te fin ta e li te deja fè nwa depi lontan. Katye a te yon jan andeyò e pa t vrèman gen ekleraj. Avan li rive lakay li, li te gen pou l pase nan yon gran kafou epi apresa travèse yon gwo galèt.
Pandan l ap parèt, li wè yon pil moun rasanble nan kafou a. A lè sa, sa te parèt biza. Te gen tout kalite moun: machann k ap antre sot lavil, abitan nan alantou yo, jèn kon granmoun. Pandan l ap pwoche li tande moun yo k ap pale.
– Nou pral gade pou n wè si misye ap pase.
– Kibò sa? L ap retounen!
Granpè m kòmanse sispèk gen yon pwoblèm san li paka vrèman konprann kisa. Li te ka kanpe mande men li te fatige, li te gen yon ti koulè epi dòmi te kòmanse nan je l. Li salye moun yo delwen e li kontinye chimen l.
Pati galèt la se pati ki te pi sonb nan wout la. Pandan l ap pwoche, li remake yon gwo tach nwa nan mitan galèt la ki te kontraste ak koulè blanch wòch yo. Nan fè nwa a, li pa t ka idantifye sa l te ye men se pa t yon bagay ki nòmal. Li kòmanse konprann poukisa moun yo pa t avanse pi lwen.
Granpè m pa t konsidere tèt li kòm yon moun ki brav men se te yon lespri pratik ki pa t fin kwè ni nan Bondye ni nan Dyab. Epi li te bouke. Gen yon ti menaj li ki te byen kase l pandan sware a. Sèl rèv li nan moman an se te pran yon bon beny epi kabann. Li pa t ka pre konsa pou l pa rive lakay. Men li pa t anvi nonplis al kontre ak sa l pa konprann nan mitan galèt la.
Epi li vin gen yon lide. Li ranmase yon bèl wòch. Li sonje lè l te konn jwe ak fistibal nan katye Lapwent, bò lanmè a, tou pre waf la. Li byen vize epi li tire wòch la KOW nan direksyon galèt la. Menm kote a li tande I-AN, epi bourik ki te kouche nan mitan ravin la mache pòs li. Granpè m ajiste rad li byen chèlbè epi li janbe pou l al lakay li.
Èske nou konnen depi lè sa gen yon pati moun Jeremi ki di misye se lougawou? Chak fwa pawòl sa rive nan zòrèy li, granpè m toujou souri epi li di: « Kite yo non. Omwen y a ban m yon respè yo pa t ap janm ban mwen otreman. »
Les articles de Richard Sénécal publiés sur ce blog sont protégés par le droit d'auteur. Veuillez nous contacter avant toute utilisation ou reproduction partielle ou totale.
