Solèy la t ap kouche sou plèn lan. Tankou chak jou a menm lè a, Alawe kòmanse ranmase zouti li. Jodi a li te plis sèkle. Li gade syèl la ak espwa l ap jwenn yon bon lapli pita. Sechrès la te kòmanse malouk e jaden an te bonjan swaf.
Lè li rive nan ti kaz li a, li jwenn yon blan k ap tann li. Se pa premye fwa li te vini e, tankou chak fwa, li te mache ak yon liv epi yon kwa. Alawe te kontrarye. Se te yon moun senp. Depi li piti, li te leve ak kwayans zansèt li yo te kite pou li. Li te vide ti dlo l, bat ti tanbou l pafwa. Li pa t poze tèt li kesyon si sa te mache ou pa, men lavi l pa t pi mal pase sa. Li te manje chak jou, li te bwè chak jou. Li te gen dekwa leve pitit li san kè sote.
Men blan an t ap ensiste. Depi kèk tan deja, madan Alawe te kòmanse mare tèt li epi krache sou eritaj fanmi an. Jou sa Alawe te fatige, li pa t anvi diskite, li sede.
10 zan aprè mwen retwouve Alawe sou yon bato negriye. Li pèdi tout bagay, tè li yo, madanm li, pitit li yo, kominote li. Kisa ki te rete l? Kwayans nan liv blan an te pote pou li a epi espwa yon syèl aprè yon lavi lanfè nan esklavaj. Blan an jwenn tout richès isiba yo. Alawe menm sèlman rete ak soufrans li yo epi yon pwomès.
Les articles de Richard Sénécal publiés sur ce blog sont protégés par le droit d'auteur. Veuillez nous contacter avant toute utilisation ou reproduction partielle ou totale.
