Steve ak Tony grandi nan menm katye, Solino, nan kwazman Senmaten, Fò Nasyonal, Nazon ak Delma. Yo te frekante menm lekòl la nan Delma 2, tou pre pòtay Sen Jozèf. Yo se pitit fanmi k ap trimen. Papa Tony te yon chofè kamyon e l te gen plis pase 10 zan depi l ap fè livrezon pou brasri Lakouwòn. Papa Steve menm se te yon bòs tayè. Manman tou 2 t ap degaje yo nan ti komès. Depi se yon bagay ki ka vann ak diyite, yo te vann li. Ti mesye yo te bon zanmi, tankou frè.
Pandan yo te rive nan dènye ane lekòl klasik, papa Steve fè yon kriz kadyak, li mouri. Se te yon gwo trajedi pou fanmi an paske se ti rad li t ap koud yo ki te konplete kòb pou voye tout timoun yo lekòl. Aprè gwo depans lantèman yo epi premye gwo doulè a, Steve ki te pi gran santi fòk li leve pye l. Li kòmanse fè ti braslè pou vann. Sa pa t rapòte anpil, sa pa t sifi. Lè l wè sa, li pran abitid al dèyè moso twal anba lavil pou l taye rad pou fanm.
Nan kòmansman, Tony pa t di anyen men lè li remake Steve kòmanse ap aprann fè makiyaj ak gran kwafi pou maryaj, li tonbe voye pye. Ki lòbèy sa? Se pa bagay gason! Steve reponn li biznis la kòmanse mache e l pa vrèman gen lòt opsyon. Tony fache, li pran distans li, li kontinye kritike.
Se li menm ankò ki tonbe fè moun sou katye a. Steve pa di anyen, li pèsiste, fòk ti sèl yo manje. Tony met ansanb ak lòt jigason nan blòk la pou yo pèsekite l. Yo menase l, yo di y ap bat li ak chenn moto. Erezman Steve vin jwenn yon kontra pou l prezante yon koleksyon. Li kite zòn la epi, nan pwogrese, li abouti aletranje.
Jodi a, Steve se yon gwo designer Manhattan. Tony menm anba a toujou, ap kole pyese, pale tenten sou moun ki pa sou bò l. Sa k pirèd la tanzantan li gen je chèch ekri Steve pou mande l enpe lajan.
Les articles de Richard Sénécal publiés sur ce blog sont protégés par le droit d'auteur. Veuillez nous contacter avant toute utilisation ou reproduction partielle ou totale.
