Aller au contenu

Ti Kòkòt

Ti Kòkòt

Mwen konn yon ti kòkòt k ap viv sou baz 2 prensip klasik: brasaj ak eksplwatasyon. Grasadye li bèl tifi e li konn sa. Li gen gwo dash e li pa sòt. Li abiye chè men m pa ka di li abiye klas. Anpil moun twouve li vilgè. Èske se pa sa gason renmen wè? Fanmi l te fè anpil sakrifis voye l nan bon lekòl. Lespri l pa t lakòl e li aprann sèvi ak tout avantaj kò l.

Li trete beton an tankou yon teren pou fè lachas. Li pa peye otèl, li pa peye pwogram, li pa peye restoran. Kote zòt ap rale cash oswa kat kredi, li menm li rale WhatsApp li. Mesaj li yo toujou chaje ak bèl pwomès. M pa konn kiyès li ekri men m temwen rezilta yo. Kote lòt moun ta pran gwo malonèt, li menm li soti ak tèt li byen drèt.

M pa janm la pou m wè si ofinal li peye dèt. M sipoze moun li dwe yo gen yon fason yo touche. Sèl sa m konnen, tipa, tipa, l ap vanse, l ap fè chimen l anndan lasosyete.

Fanm marye pa vle wè l. Men sa se yon lòt koze. Yo di li konn vòlè mari. Mwen m konnen ou pa ka vòlè yon moun ki pa dakò ou vòlè l. Sa ki sèten, li pa gen anpil laj men l gen anpil mileyaj. Li sèvi ak gason, li sèvi ak zanmi, li pa gen okenn pwoblèm fè tout moun tounen mach eskalye pou l rive kote l vle ale.

Sòt ki bay, pa vre? Mwen m pa jije, m sèlman konstate.

Les articles de Richard Sénécal publiés sur ce blog sont protégés par le droit d'auteur. Veuillez nous contacter avant toute utilisation ou reproduction partielle ou totale.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *