Aller au contenu

Enpòtans ti detay

Enpòtans ti detay

Pafwa lè mwen konn atire atansyon nou sou kèk pwoblèm, m gen enpresyon anpil nan nou konn pa wè enpòtans yo. Pa ekzanp, si m pale nou de moun k ap jete sachè dlo yo fin bwè yo nan lari a, sa pa sanble granchoz. Oswa si m pale nou de malbourik ki gen foli kòtèj yo, de chofè moto oswa ti machann k ap fè dezòd yo.

Men an n reflechi. Kisa ki rive lè majorite moun ap jete sachè dlo, lè tout malbourik gen foli fè kòtèj, lè pifò chofè moto ak ti machann pa gen okenn disiplin? Sa m vle di, se adisyon tout ti bagay sila yo ki mete peyi a nan eta li ye a.

Mwen se sineyas, mwen konn reyalize fim. Se youn nan bagay ki aprann mwen fè plis atansyon ak detay. Paske jisteman yon fim se yon konpilasyon detay. Si yon aktè rate yon liy tèks, se tout sèn la ki gate. Depi yon sèn kraze, se nivo tout fim la ki desann.

Pou m retounen sou peyi a, nou tout kontribiye nan fason pa nou pou nou rann li pi lèd, pi sal, pi soudevlope. Li twò fasil pou nou lonje dwèt sou Leta a sèlman. Dotan, Leta a, se nou menm ankò ki konpoze l.

Les articles de Richard Sénécal publiés sur ce blog sont protégés par le droit d'auteur. Veuillez nous contacter avant toute utilisation ou reproduction partielle ou totale.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *